Le Plein

Zafèm

Compositor: Não Disponível

M fon w pil tan nan lòt peyi
M ap konte jou pou nou kontre
M ap imajine jou nou pral wè ankò wè ankò
Li pat fasil lè nostalj fè kè m lou vle m tonen zonbi
M anvi goute sè l ou k pou ban mwen lavi

Se pa moun mwen pa kontre
Ni lòt note m pa kwaze
Men you pa vibre m pa konekte
Men m lè ta eseye prezans ou tankou w loa k chevoche m
Cheri w se fanm se fanm ki gen kle badji m

Lakay se la m prale m pa ka rete
Ou m prale wè
Doudou mwen danmijann mwen
Lakay se la m prale m pa ka rete
Ou m prale wè
Doudou mwen danmijann mwen

Ou konnen tout sa mwen renmen
Tout sa k bon nan bouch
Sere yo pou mwen
M espere w mete w a pwen
Paske lè n anba douch
Ou pa pral ou pa pral fè koken
Lè jou a rive o wa prepare w pou n al fè (le plein)
Se lè m ap konte pou m ale

Lakay se la m prale m pa ka rete
Ou m prale wè
Doudou mwen danmijann mwen
Lakay se la m prale m pa ka rete
Ou m prale wè
Doudou mwen danmijann mwen

Ou konnen tout sa mwen renmen
Tout sa k bon nan bouch
Sere yo pou mwen
M espere w mete w a pwen
Paske lè n anba douch
Ou pa pral ou pa pral fè koken
Lè jou a rive o wa prepare w pou n al fè (le plein)
Se lè m ap konte pou m ale

Oooo
Oooo

Hasta mañana, mi amor
Vini cheche m
Hasta mañana, mi amor
Vini cheche m

Mwen prepare w lanmou k move
Yon panyen k plen afeksyon san presyon
Mwen prepare w lanmou k move
Mwen swete l ba ou frison se vre san
Mwen pral fè ou pral fè m tou move
Ou pral jwenn avèm doudou san presyon
Mwen pral fè ou pral fè m tou move

Hasta mañana, mi amor
Vini cheche m

Mwen prepare w lanmou k move
Yon panyen k plen afeksyon san presyon
Mwen prepare w lanmou k move
Mwen swete l bay bouch frison se vre san
Mwen pral fè ou pral fè m tou move
Ou pral jwenn avèm doudou san presyon
Mwen pral fè ou pral fè m tou move

Se de byen k pral jwenn doudou se vre san
M pa ka tann avyon sa dekole

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital